AYITI/ POLITIK : 24 JOU APRÈ ASASINA JOVENEL MOÏSE, FANMI LAVALAS BAY POZISYON POLITIK LI.

Nan yon nòt Fanmi Lavalas mete deyò 31 jiyè 2021 an, bay pozisyon li sou sitiyasyon kriz politik la aprè lanmò defen prezidan Jovenel Moïse, kite mouri lakay li nan Pèleren 5 nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Fanmi Lavalas, ki vize sèlman yon akò politik pou bay yon gouvènman sali piblik, daprè Fanmi Lavalas gouvènman sali piblik la vle di kraze Leta piyajè sa, Leta kriminèl, Leta enpòte pou mete nan plas li yon Leta kap travay pou bay pèp la bon sèvis, amelyore kondisyon lavi li, fasilite tout pitit pèp la retounen lakay li ,e reprann diyite nou kòm pèp souvren.

Fanmi Lavalas, ki pa pran pèn nan asasina Jovenel Moïse, fè konnen yo deja tanmen divès rankont depi kèk lwa ak plizyè lòt òganizasyon, reprezantan sosyete sivil la, pou jwenn antant sou kijan pral mete tout bagay sa yo anplas. Fanmi Lavalas, ki kwè chanjman peyi a ta dwe pase nan chavire sistèm lan.

Nòt Fanmi Lavalas la, ki pote siyati 4 manm komite egzekitif la kise:

– Dr. Maryse Narcisse
– M Joël Vorbe
– Dr Jean Myrto Julien
– Agr Anthony Dessources

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …