AYITI/PNH: YON NOUVO DIREKTÈ POLIS ENSTALE NAN DEPATMAN NIP

Yon Nouvo direktè polis enstale Jounen lendi 2 dawout 2021 an, nan tèt direksyon depatmantal polis Nip Komisè divizyonè Aserne Selmon se nouvo direktè depatmantal polis Nip li raplase komisè divizyonè Frantz Mathurin, ki transfere Kòm direktè depatmantal polis Nò. Seremoni enstalasyon an ki te fèt an prezans komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan Jean Ernest Muscadin, ak plizyè wo grade nan direksyon depatmantal polis la.

Direktè depatmantal Lapolis Sid la, komisè divizyonè Saint Amand Frantz, ki te fè enstalasyon an raple ak nouvo direktè a ke dyòb li se travay pou ranfòse sekirite a nan depatman Nip, li konseyel poul devlope bonjan relasyon ak otorite eli yo ak sa ki nome yo. Pilwen, komisè Saint Amand ankouraje omològ li a pou travay nan kolaborasyon ak anplwaye polisye yo ak popilasyon nipwaz la.

Sou bò pa li, nouvo direktè depatmantal polis Nip lan Komisè Aserne Selmon, remèsye granmèt la, wo kòmandman polis la ki chwazil pou vin dirije polis la nan depatman Nip. Komisè Aserne, mande ak polisye yo pou bal menm kolaborasyon yo te konn bay ak ansyen komisè Frantz Mathurin, epi raple ak polisye yo misyon yo se pwoteje ak sèvi travay pou respekte dwa moun, batay kont koripsyon epi pa antre nan zak sal.

Nou ap fè remake, ansyen komisè Frantz Mathurin, ki pase pou pi piti 2 lane nan direksyon depatmantal polis Nip lan pat met pwent pyel nan enstalasyon an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …