SENDIKALIS TRAVAYÈ SISTÈM NASYONAL FÒMASYON PWOFESYONÈL YO( STSNFP) RAPLE DWE GEN KONTINUITE NAN LETA .

Nan yon konferans pou laprès STSNFP bay madi 3 dawout 2021 an , kòdonatè a, Registre John fè konnen dwe gen kontinuite nan Leta a. Se te okazyon tou pou li te fè pase yon ansanm revandikasyon li te genyen._

« STSNFP reklame san kondisyon : 1) finalizasyon dosye pou sant ki nan Kòtdefè, Ench, Pinyon, Miragwàn, Kap Ayisyen elatriye ki ankleche depi 8 mas 2021.

2) rezoud pwoblèm alinyeman salaryal yo.

3) Emaje moun ki fèk nonmen yo.

4) Peye endistenkteman tout kòb travay yo dwe moun yo.

5 ) Aktive ajisteman salè 2020-2021 yo.

6) Egzekite kontra egzamen fen sik yo 2020 yo », deklare Registre John.

Sendikalis la, toujou nan menm lide revandikasyon an, fè konnen ansanm revandikasyon sa yo dwe fèt nan yon tan ki pa twò long.

Yon lòt kote, sendikalis la voye yon pinga bay otorite nan primati ki ta gen entansyon dezapwouve dosye fomatè pwofesyonèl yo ki fin rive nan primati e k ap tann salè ak lèt nominasyon yo depi yon pakèt tan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …