RISI2018: MEKSIK KONN YON MOVE MOMAN DEVAN EKIP SWED LA KI TE SAN PITYE POU YO KOTE LASWED BAT YO (3-0).

Ekip Meksik la ki te fè yon siksè nan premye soti yo kote yo te mete do ekip Almay la atè, konn yon move monan jodi a ak ekip Laswèd la kit e san pitye pou yo.

Ekip Laswèd la kase mete nan men ekip Meksik la (3-0), Ludwig ta pral make premye gòl la pou Laswèd nan 50tyèm minit, Andreas ta pral make yon dezyèm gòl nan 62zyèm minit sou penaliti, Edson Alvares nan 74zyèm minit ta pral make yon gòl kont kan li e pèmèt  Laswèd bat (3-0).

Viktwa sa pèmèt ekip Laswèd la pran tèt klasman gwoup F la ak 6 pwen ak  de (2) gòl diferans li make 4 li pran 2, ekip Meksik la pran dezyèm plas la ak 6 pwen ak gòl diferans zero li make 3 li pran 3.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …