LEMOND/ ATAK: 4 MOUN MOURI AK 20 LÒT BLESE NAN PEYI AFGANISTAN

Nan yon atak ak 2 eksplozyon ki fèt nan Kaboul, kapital peyi Afganistan lakoz 4 moun mouri ak 20 lòt blese selon premye eleman otorite sekirite Afgan yo kominike maten mèkredi 4 dawout 2021 an.

Selon yon sous sekiritè, atak sa a ki te fèt tou prè kay minis defans lan, premye eksplozyon an ki te kondwi nan plizyè katye nan kapital peyi a, se yon gwoup kamikaz ki te vize kay yon depite ki tou pwòch kay minis defans lan, jeneral Bismillah Mohammadi, selon menm sous la plizyè kamikaz sa yo te sou wout pou rantre kay depite a.

Sou kont twitè li, minis defans lan deklare » nou pa bezwen enkyete, tout bagay byen ».  » Teworis yo te tire anpil ak gwo detonasyon nan zòn rezidansyèl sa a nan aswè madi a. Aprè sa yon bon gwoup teworis antre nan plizyè kay epi afwonte fòs lòd yo. Fòs espesyal yo deja sou plas epi reprann kontwòl sitiyasyon an », daprè deklarasyon pòt pawòl ministè enteryè a Mirwais Stanekzia.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …