AYITI/JISTIS: DOSYE ASASINA ANSYEN PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOÏSE TRANSFERE NAN KABINÈ ENSTRIKSYON.

Dosye ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren 5, nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an, transfere nan kabinè enstriksyon selon konfimasyon pakè Pòtoprens.

Dosye asasina ansyen chèf Leta, transfere anviwon yon mwa aprè krim lan, mèt Samuel Madistin, ki tap reyaji sou desizyon sa fè konnen seri manda rale mennen vini pakè Pòtoprens te mete dèyè plizyè moun tonbe otomatik paske dosye a transfere nan kabinè enstriksyon. Òm la lwa, fè konnen egzekisyon manda sa yo vini ilegal depi dosye a transfere nan kabinè enstriksyon.

Nou ap siyale, nan dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse gen pou pi piti 44 moun ki jwenn arestasyon yo kòm prezime asasen nan zak kriminèl sa a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …