LEMOND/JISTIS: GOUVÈNÈ NEW YORK LA « ASELE SEKYÈLMAN PLIZYÈ FANM », DAPRÈ YON ANKÈT ENDEPENDAN

_Akizasyon sou asèlman seksyèl ki te sou do gouvènè New York la konfime pa yon ankèt endepandan pwokirè jeneral New York la reyalize. Laetitia James mete deyò yon rapò eksklizif ki riske mete gouvènè New York la nan ti soulye li. Prezidan ameriken an Joe Biden mande pou gouvènè a demisyone._

Daprè Laetitia James, prèv yo konfime tout akizasyon asèlman seksyèl ki sou do gouvènè a. « Ankèt endepandan an revele gouvènè Cuomo asele seksyèlman plizyè fanm. Li touche yo nan fason ki pa apwopriye, li anbrase yo e li di yo yon pakèt pawòl deplase ki gen pou wè ak kesyon sèks. Sa ki vin kreye yon klima travay ostil pou plizyè fanm », daprè sa l deklare.

Pwokirè New York la ak ekip li pase plizyè mwa ap mennen ankèt sou akizasyon asèlman seksyèl gouvènè New York la Andrew Cuomo fè objè a. Yo tande 179 moun ak 70 000 pyès ki egzamine, notamman mesaj tèks, imel gouvènè a voye bay moun ki akize l yo.

Selon Laetitia James, gouvènè a lanse yon pakèt mesaj entimidasyon kont moun ki ap denonse konpòtman l yo.

Sepandan, depi kòmansman akizasyon sa yo, Andrew Cuomo, gouvènè New York la te toujou nye akizasyon yo epi li toujou fè konnen li p ap demisyone.

Andrew Cuomo ap renye sou New York depi 12 lane e li konte prepare l pou yon katriyèm manda. Sepandan, rapò ankèt pwokirè a mete deyò a riske gache avni politik li dotan plis gen yon pakèt gwo bra politik k ap mande l pou l demisyone. Pami yo, Joe Biden, rapòte RFI.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …