AYITI/ POLITIK : PREMYE MINIS ARIEL HENRY RANKONTRE AK PREZIDAN TIRÈS SENA JOSEPH LAMBERT.

Premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, vizite jedi 5 dawout 2021 an, sena repiblik la epi rankontre ak prezidan gran kò a Joseph Lambert.

Nan deklarasyon li, prezidan sena repiblik la Joseph Lambert, fè konnen pandan rankont sa li diskite ak premye minis lan sou plizyè dosye tankou eleksyon, sekirite ak ekonomi selon senatè Sidès la Joseph Lambert, ki presize rankont sa fèt sou demand chèf primati a.

Sou bò pa li, premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, fè konnen rankont li ak prezidan rès 10 senatè yo te byen dewoule, kote yo chita pale sou ki mwayen pou kapab reyalize bon jan eleksyon nan peyi a.

Nou ap raple, premye minis Ariel Henry, deja vizite epi òganize yon seyans travay ak prezidan lakou dè kont ak kontansye administratif la Rogavil Boisguné, lendi 2 dawout 2021 an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …