AYITI/ EKONOMI : BRH LAGE 15 MILYON DOLA AMERIKEN SOU MACHE NASYONAL LA.

Bank repiblik Ayiti (BRH), anonse jedi 5 dawout 2021 an, yo enjekte 15 milyon dola ameriken sou mache lokal la pou kapab fè fas ak depresiyasyon goud la devan dola ameriken an.

Sa fè twazyèm fwa pandan ane 2021 an, bank santral enjekte lajan sou mache nasyonal li te fè premye enjeksyon an nan mwa janvye 2021, mwa mas ak mwa dawout 2021. Malgre tout enjeksyon sa yo, goud la pa sispann pran chaplèt nan men dola ameriekn an.

Selon plizyè ekonomis, enjeksyon 15 milyon dola ameriken sou mache a pa pral ede rezoud anyen nan depresiyasyon goud la men pito otorite yo devlope yon politik pwodiksyon pou kapab fè fas ak flewo dola ameriken an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …