AYITI/JISTIS/MENAS: KOMISÈ GOUVÈNEMAN PÒTOPRENS LAN DI LI AP RESEVWA ANPIL MENAS.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn jedi 5 dawout 2021 an, mèt Berd- Ford Claude Di li ap resevwa anpil menas. Pandan tout jounen 5 dawou 2021 an Mwen resevwa plizyè apèl nimewo enkoni ki ap rele mwen epi menase mwen, Moun lan dim sam genyen Mwen bat kòm konsa, ou cho douvan bann lan konsa, menm sa nou te fè Prezidan Jovenel Moïse la se menm sa nou pare pou ou siw pa pozew. Deklarasyon mèt Berd- Ford Claude.

Yon lòt kote, Mèt Claude kontinye pou li di depi li fin voye manda rale mennen vini dèyè kèk pèsonalite politik ak kèk gwo kòmèsan nan peyi a ki sispèk nan dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse la, depi lè sa se gwo menas li ap sibi nan sans lan, Mèt  la fè konnen sekirite lavi li ak fanmi li andanje.

Nap raplew dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse la pa nan pakè ankò, li transfere nan kabinè enstriksyon pou swit nesesè yo.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …