AYITI/ ASASINA: YON MWA APRÈ ANYEN POKO KLÈ SOU ASASINAY JOVENEL MOÏSE.

Mèkredi sèt (7) jiyè 2021an, peyi Dayiti ak rès mond lan te leve ak nouvèl asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren senk (5), ki nan komin Petyonvil, jounen samdi sèt (7) dawout 2021 an fè yon mwa depi yo te asasinen ansyen chèf Leta a, anyen poko klè sou krim sa a.

Aprè zak asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren senk (5), poko gen okenn nouvèl ki fè santi ansyen chèf Leta sou wout pou jwenn jistis. Nan sa ki gen pou wè ak bilan krim sa a, otorite nan lapolis yo fè konnen gen pou pi piti 44 moun deja arete, etranje kolonbyen, ayisyen natiralize ameriken, ayisyen natif natal, polisye se kèk moun lapolis di yo sispèk ki ta fè krim lan.

Kèk konpatriyòt ki ap reflechi sou zak la, montre yo pagen twòp konfyans ke yo ap resi twouve moun ki fè krim lan genyen ki menm poze kesyon  » kilè moun te konn jwenn jistis Ayiti ? », gen lòt ki kwè asasina Jovenel Moïse la ta dwe dènye krim ki pou rete san pini nan peyi a.

Nou ap raple, dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki defere nan kabinè enstriksyon depi mèkredi kat (4) dawout la poko janm gen yon jij ki sezi pou mennen ankèt nan dosye a. Alòske, anpil ayisyen, patizan, senpatizan, kèk dyaspora ap rete tann lajistis ki pral di ki moun ki te asasinen Jovenel Moïse ? Kiyès ki te bay lajan pou finanse ak òganize krim sa a ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …