AYITI/ASASINA:  » YON MWA APRE ASASINA PREZIDAN L, AYITI TOUJOU POKO KA POTE LIMYÈ SOU SIKONSTANS DRAM NASYONAL SA », REYAJI GARY BODEAU

_7 jiyè 2021, Ayiti te leve ak yon nouvèl ki te dramatik, trajik pou pèp ayisyen an. E se te asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan pèleren 5. Yon mwa apre krim sa te fin fèt, daprè ansyen prezidan chanm depite a, lajistis poko ka pote limyè sou sikonstans krim nan._

« Yon mwa apre asasina prezidan l, Ayiti toujou pa ka pote limyè sou sikonstans dram nasyonal sa », ekri sou kont twitè ansyen depite Gary Bodeau nan dat 7 dawout 2021 an.

Ansyen palmantè a konseye lajistis sou kijan pou yo pwosede pou yo kapab kòmanse enstriksyon nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse la. » M envite lajistis pou deziye Yon kolèj ki gen 5 jij ayisyen k ap jwenn bourad ONU pou kòmanse enstriksyon #jistispouJovenel », Gary Bodeau.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …