LEMOND/JISTIS : LAJISTIS NAN « TEXAS » ENTÈDI ARESTASYON MACHIN KI AP POTE MIGRAN YO.

Jij federal Kathleen Cardone, nan yon desizyon li rann twa (3) dawout 2021 an, ki kontrè ak lòd gouvènè eta « Texas » la, Greg Abbott, te pran pou arete tout machin ki ap pote migran san papye yo sou pretèks yo ap pwopaje maladi kowonaviris la.

Jij Kathleen Cardone, bloke pou yon ti tan desizyon sa nan kad yon vèdik majistra rann madi twa (3) dawout la ki entèdi lapolis pou arete migran san papye yo ki ap tante rantre sou teritwa ameriken san papye, yon desizyon ki prale jiska trèz (13) dawout 2021 an, selon sa jounal nan peyi Etazini rapòte.

Majistra estime  » Department of Justice » (DOJ), gen chans pou genyen nan reklamasyon li a paske lòd gouvènè a kontrè ak lalwa federal e li menm mete an danje sante ak sekirite moun ki pa sitwayen ki anba lòd gouvènman federal la.

Depatman jistis, ki mande ak tribinal la pou rann òdonans pou entèdi pou yon ti tan epi rejte lòd gouvènè repibliken Abbott la, paske li pa respekte sa konstitisyon peyi Etazini an di nan sa ki gen pou wè ak desizyon yo.

 » Greg Abbot, ap chache kreye pwòp rejim li » deklarasyon avoka nan ministè jistis Brian Boynton.

Nou ap siyale, desizyon gouvènè Greg Abbott, pran ki bay lòd ak lapolis, Gad nasyonal epi depatman sekirite piblik « Texas » pou arete tout migran san papye fè yo kase tèt tounen kote yo te sòti a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …