OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN (OPC) KONDANE ASASINA MÈT ROBERSON LOUIS

Ofis pwoteksyon sitwayen, nan yon nòt ki mete deyò jounen dimanch 8 dawout 2021 an kondane asasina ki fèt sou mèt Roberson Louis samdi 7 dawout nan Dèlma 69 pandan li tap sot fè yon tranzaksyon nan yon bank komèsyal._

« Ofis pwoteksyon sitwayen, enstitisyon nasyonal kap fè pwomosyon ak pou pwoteksyon dwa moun, aprann avèk anpil endinyasyon asasina espektakilè ki fèt sou mèt Roberson Louis samdi apremidi 7 dawout 2021 an pandan li tap sot fè yon tranzaksyon nan yon bank komèsyal », ekri ofis pwoteksyon sitwayen.

Enstitisyon nasyonal kap fè pwomosyon ak pwoteksyon dwa moun nan raple mèt Roberson Louis se te avoka nan bawo Pòtoprens. » Li te travay pandan plizyè tan nan komite avoka yo pou respè ak libète chak grenn moun e li te kolabore aktivman tou ak kabinè Gassant, defen mèt Enerlio Gassant tap dirije ».

« Ofis pwoteksyon sitwayen kondane asasina mèt Roberson Louis. Yon mwa apre asasina krapile ki te fèt sou prezidan repiblik la, bandi yo kontinye ap simen dèy nan fanmi ayisyen yo e rezon ki lakoz sa se Lapolis Nasyonal Dayiti nan enkapasite pou pwoteje vi ak byen, men tou fas ak yon sistèm jistis ki pa kanpe sou anyen ; ki moribon; ensansib e endiferan paske li pa pousuiv kriminèl yo », denonse ofis pwoteksyon sitwayen.

OPC pwofite okazyon an pou li prezante senpati li  ak paran mèt Roberson Louis e ak tout manm bawo Pòtoprens disparasyon brital sa afekte.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …