LEMOND/ ESPÒ: » MWEN FÈ TOUT SAK POSIB POUM TE RETE NAN « BARCELONE » « , DEKLARASYON LIONEL MESSI.

Nan kad yon konferans pou laprès entènasyonal foutbolè Ajanten, Lionel Messi, bay pou di babay ak ekip « FC Barcelone » lan, aprè pou piti disèt (17) lane meyè jwè mond lan pase nan peyi Espay ap jwe nan liga espanyòl la.

 » mwen te fè tout sak posib epi nesesè pou mwen  te rete nan ekip « Barcelone » lan, men sa pa rive fèt », Deklarasyon Lionel Messi, fè ak dlo nan je li nan moman lap di babay ak klèb fòmatè li « Fc Barcelone ». Pilwen, chanpyon koup amerika 2021 an, ki fè konnen se vre ane pase li te anonse depa li men li ret kwè divòs la patap rive fèt.

Nap siyale, pandan disèt (17) lane, Lionel Messi, pase ap jwe nan ekip « Fc Barcelone » lan, li ranpòte trant senk (35) tit, li make sis san swasant douz (672) gòl nan sèt san swasant dizuit (778) match, ladan kat san swasant katòz (474) gòl fèt nan liga espanyòl la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …