AYITI/ MOVETAN: PEYI AYITI ANBA MENAS GWO RAFAL VAN AK LAPLI, DAPRÈ (UHM).

Peyi Ayiti anba menas yon ond twopikal jounen lendi nèf (9) dawout 2021 an, ond twopikal sa sou wout pou frape divès depatman peyi a tankou Lwès, Sant, Latibonit, Nòdwès, Sidès,Nip ak Grandans, daprè deklarasyon youn nan previzyonis inite idwometewolojik ki gen sig nan lang fransè (UHM), Jeantho Louis.

 » Nou mande ak popilasyon an pou aplike menm mezi yo, pa rete anba pye bwa, pa travèse ravin, pa mare bèt yo bò ravin », daprè deklarasyon Jeantho Louis, ki pwomèt (UHM) ap toujou kenbe popilasyon an enfòme sou avansman ond twopikal la. Pilwen, mouche Jeantho Louis, fè konnen nan previzyon ond twopikal la kapab bay anpil lapli , rafal van ak gwo kout loray.

Pou fini, Jeantho Louis, raple nou nan sezon siklonik an menm tan ankouraje popilasyon an pou toujou koute radyo paske gen de (2) lòt ond twopikal ki ap fòme nan basen Karayib la ki kapab transfòme an tanpèt twopikal.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …