AYITI/ENSEKIRITE: NAN YON  AFWONTMAN LAPOLIS AK BANDI NAN MATISAN, YON POLISYE CIMO AK YON SIVIL BLESE ANBA BAL.

_Nèg ak zam nan matisan ki tap twoke kòn yo ak lapolis dimanch 8 dawout 2021 an, lakoz yon polisye CIMO ak yon sivil soti blese._

Yon polisye CIMO ak yon sivil soti blese nan kad afwontman ki te gen jounen dimanch lan ant fòs lòd yo ak gang ame yo.

Rantre sid kapital la, nan nivo matisan kontinye rete yon katye nèg ak zam achte lajan kontan depi plis pase 2 mwa. Lapolis, daprè anpil moun parèt enpisan.

Sa poko gen kat (4) jou depi yon chofè ti bis « deyò Kafou » te mouri bò lopital san fontyè a anba bal nèg ak zam.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …