ESPÒ/TRANSFÈ : LEO MESSI PRALE IBIZA POU FINALIZE KONTRA LI AK DIRIJAN KLÈB PSG YO

Lionel Messi, dezomè ansyen atakan Barcelone ap gen pou vwayaj pou ale Ibiza nan sousi pou finalize kontra li ak dirijan Paris Saint-Germain yo.

Alòske depi dimanch yo ap tann li nan kapital peyi Lafrans, Messi ap pran direksyon Ibiza pou kapab rankontre dirijan klèb parizyen yo, kote li gen entansyon tou finalize kontra li ak vis chanpyon peyi Lafrans yo.

Diskisyon ant Paris Saint-Germain ak reprezantan jwè a te rapousib dènye tan sa yo, men de pati yo poko fin tonbe dakò totalman. Deplasman Messi an pèsòn ki, pandan tout negosyasyon yo te rete lakay li, kapab yon sinyal ankourajan pou gen yon denouman ki jwenn madi 10 dawout 2021, rapòte laprès espòtif nan peyi Lafrans.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …