AYITI/ ASASINA : 61 ZAM KONFISKE AK LÒT MATERYÈL NAN KAD ASASINA ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Lapolis prezante jounen lendi nèf (9) dawout 2021 an, kantite materyèl yo konfiske nan kad ankèt ki ap mennen sou asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Nan kad yon konferans pou laprès, pòt pawòl pou ti tan polis la enspektris Marie Michèle Verrier, fè konnen nan kad ankèt ki ap mennen sou zak asasina ansyen chèf Leta Jovenel Moïse lapolis konfiske 61 zam, pami yo 11 fizi otomatik ak 15 pistolè, 34 lòt zam tout kalib tankou m wann, douz ak M 30 epi 44 moun jwenn arestasyon yo ladan yo gen 20 polisye ki jwenn arestasyon yo.

Pilwen, enspektris Marie Michèle Verrier, presize pami zam sa yo se zam ki te nan men mèsenè ak polisye ki tap bay sekirite ak ansyen chèf Leta, anketè yo sezi tou 3 grenad fragmantasyon.

Pou fini, pòt pawòl polis la Marie Michèle Verrier, raple lapolis deja voye dosye rapò asasina ansyen chèf Leta nan pakè Pòtoprens li gen 5 tòm ak yon rezime rapò ki gen 124 paj.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …