ESPÒ/PSG : LIONEL MESSI RIVE NAN PARIS SAINT-GERMAIN

Lionel Messi ak klèb kapital peyi Lafrans la jwenn yon akò. Messi ak PSG, dosye boukle. Avyon sispèsta Ajanten an ta dwe rive Lafrans pandan jounen an, daprè jounal l’équipe.

Laprès nan peyi Lafrans konfime nouvèl la, Messi jwenn yon akò ak Paris Saint-Germain. Messi se pral yon jwè PSG. Klèb kapital la ap tann avyon jwè Ajanten an nan jounen an.

Dezomè ansyen jwè Barcelone, Messi ta dwe pase vizit medikal yo nan PSG jounen madi apremidi 10 dawout 2021.

Ansyen nimewo 10 klèb Cartalan an dwe siyen yon kontra pou 2 lane ( plis yon lane opsyonèl). Dirijan PSG yo ta dwe bay yon konferans pou laprès mèkredi k ap vini la nan « Parc des Princes » lan.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:transfermartk

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …