SEYANS DE TRAVAY AK PREMYE MINIS LA AK MINIS EKONOMI EPI FINANS LA POU REDUI TREN VI LETA A

Seyans de travay ant premye minis Ariel ak minis ekonomi e finans lan, Michel Patrick Boisvert lendi 9 dawout 2021. Reyinyon sa te chita sou twa pwen :

1) nesesite pou redui tren vi leta.

2) Revitalizasyon fonksyon piblik la.

3) Elaborasyon yon bidjè kap pèmèt gouvènman enterimè a bay peyi a pèsonèl politik ki soti nan eleksyon lib, onèt, transparan ak enpasyal, daprè biwo kominikasyon laprimati.

« Reyinyon sa pwouve a klè volonte chèf gouvènman an genyen pou li abouti ak plan rigoure asenisman resèt piblik ak depans Leta yo », daprè sa ki ekri nan nòt la.

Peyi a twouve li nan yon sityasyon sosyo- ekonomik difisil, premye minis Ariel Henry, selon nòt la, te pwofite de reyinyon pou li te plede an favè yon pwogram asenisman kap gen anpil mendèv, kote ap gen yon politik pou kreye travay e ki kapab menm aji sou ensekirite alimantè ki touche moun ki pi mal yo.

« Pandan li apiye sou diferan tach endispensab direktè jeneral ki nan ministè ekonomi ak finans yo, premye minis Ariel Henry reyitere volonte li genyen pou li konbat bandi yo », ekri nan nòt la.

« Demach sila li antre nan kad pou gen yon klima sosyal ki apezan kote popilasyon an ap ka al nan aktivite l lè l vle, men tou pou eleksyon kapab fèt nan peyi a », konkli nòt la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …