AYITI /POLITIK : SEKRETÈ JENERAL GOUVÈNEMAN AN DOKTÈ RENALD LUBERICE LONJE DWÈT LI BYEN LONG SOU KÈK MOUN KI NAN SEKTÈ PRIVE A.

Nan yon twit sekretè Jeneral gouvèneman Dr Renald Luberice mete deyò Jodi madi 10 dawou 2021 an, li lonje dwèt li byen long sou kèk moun nan sektè prive a ki reklame tèt yo kòm mitatwo- siwo- libanè ki kenbe tout richès peyi a anba men yo.

Pilwen, otè liv dont Réginald Boulos est le nom an Luberice fè konnen kòm pa gen aktivite ekonomik pou kreye djòb, leta se sèl kote tout moun ta renmen rankontre ni sa ki rich ni sa ki pòv, yon lòt kote, pwofesè inivèsiye a deklare klas sosyal milatwo- siwo- libanè sa fè tout richès li sou do leta a.

Pou kontinye, politològ la fè konnen klas sosyal Milatwo-siwo-libanè sa yo se nan leta a yo jwenn kontra miwobolan, kontra lewonen nan konplisite ak pitit sòyèt yo ki jwenn opòtinit brige kèk gwo pòs nan leta.

Nap souliye, orijinè depatman sant lan kontinye pou li di klas sosyal Milatwo-siwo-libanè a eskli tout moun ki pa nan menm klas avèk yo, ekriven an ale pilwen pou li di premye viktim lan se mas pèp la.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …