Selon enfòmasyon sal nouvèl Echojounal genyen James Solage ak Joseph Vincent deklare bay Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), mesye yo fè konnen Aguel Civil ki te kwòdontè sekirite prezidan an te gen nan men li 80 mil dola ameriken pou li peye sekirite ki te nan lakou prezidan an jou swa yo tap touye li a.
Yon lòt kote, selon yon sous nou fè anpil konfyans, DCPJ ale nan relve apèl sou telefòn prezime kriminèl Civil la yo jwenn kwòdonatè sekirite chèf leta a pale plizyè fwa avèk Joseph Felix Badio, anvan krim lan, aprè krim lan.
Ronald Exavier
Kredi foto:meaww.com