ETAZINI : AKIZE LAP ASELE SEKSYÈLMAN YON PAKÈT FANM, GOUVÈNÈ NEW YORK LA, ANDREW CUOMO DEMISYONE

Gouvènè New York la, Andrew Cuomo, aprè yon rapò ankèt te fin soti kont li kote dwèt te lonje sou li kòm moun ki asele seksyèlman yon pakèt anplwaye, chwazi demisyone madi 10 dawout 2021.

Apre li fin pase plizyè mwa ap demanti epi minimize akizasyon asèlman seksyèl ki te sou do l yo, gouvènè Leta New York la, anonse li fè yon kraze kite sa madi 10 dawout la.

« Parapò ak tout sa ki gen la yo, tout sa k ap di yo meyè fason an se retire kòm », deklare Cuomo nan yon diskou televize pandan l t ap alafwa prezante »eskiz » li, men tou fè kwè sa ki rive l yo gen « motivasyon politik dèyè yo ».

Manda Andrew Cuomo t ap bout nan fen lane 2022 a. Ansyen, dezomè gouvènè Leta New York la gen 63 lane sou tèt li e se te youn nan gouvènè ki te pi pisan nan peyi Etazini.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:France 24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …