AYITI/POLITIK:PATRIMYONALIZE ESPAS KOTE JOVENEL MOÏSE TE ASASINEN AN, PATI PLANSPA DEPOZE YON REKÈT FÒMÈL NAN ISPAN

Nan yon konferans pou laprès mèkredi 11 dawout 2021, pati politik Planspa, a travè Dieudonné Lherisson, fè konnen gen yon rekèt fòmèl ki depoze nan direksyon jeneral enstiti sovgad ak patrimwàn nasyonal (ISPAN) nan sousi pou mande otorite ki konsène pou yo patrimonyalize espas kote yo te asasinen ansyen chèf Leta peyi a, Jovenel Moïse.

Yon lòt fwa ankò, Dieudonné Lherisson kontinye ap pote diskou pou mande pou patrimonyalize espas kote Jovenel Moïse te asasinen an.  » Otorite ki etabli yo dwe pran tout dispozisyon pou patrimonyalize lye asasina Jovenel Moïse », pawòl Dieudonné Lherisson

Daprè Lidè platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen (PLANSPA), Dieudonné Lherisson fè konnen Jovenel Moïse te tòtire, masakre epi asasinen akoz konviksyon li ak rèv li te genyen pou pèp ayisyen an.

« Nou vle pou rezidans ofisyèl kote yo te asasinen Jovenel Moïse la transfomè nan yon espas ki sèvi kòm lye de memwa. Tout objè li te konn itilize yo, bòt jon ki te konn nan pye li ak plim li te konn siyen yo nou mande pou yo bay tout objè sa yo yon pòte mizeyal pou jenerasyon kap vini yo ka konnen sa ki te pase », daprè Dieudonné Lherisson ki, an menm tan, pa vle pou sa ki te rive papa nasyon an apre asasina l pa rive Jovenel Moïse.

Responsab pati Planspa a mande pou « otorite ki nan tèt peyi a pwodui yon rekèt pou mande kominote entènasyonal la vin fè yon ankèt nan sousi pou Jovenel Moïse jwenn jistis ak fanmi l epi pèp ayisyen an ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …