AYITI/POLITIK : OPC MANDE AK NOUVO GOUVÈNMAN POU REYALIZE ELEKSYON, REFERANDÒM AK RANFÒSMAN SISTÈM JIRIDIK LA.

Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), mande ak nouvo gouvènman ki gen nan tèt li premye minis doktè Ariel Henry, pou travay pou ranfòse enstitisyon yo nan peyi Ayiti.

Pwotekè sitwayen an, mèt Renand Edouvil, ki mande ak nouvo chèf gouvènman pou travay pou kapab ranfòse kapasite enstisyonèl peyi a pou sa rive fèt fòk gen eleksyon ki reyalize nan peyi a, fini ak pwosesis referandòm lan epi ranfòse sistèm jiridik ayisyen an.

Mèt Edouvil raple, lanmò ansyen prezidan repiblik la lage peyi a  nan yon vid jiridik ta kapab sèvi yon moman pou tou moun travay pou konble vid sa yo.

Pou fini, pwotektè sitwayen an mèt Renand Edouvil, ki di OPC pran nòt sou dezinyasyon jij enstriktè Mathieu Chanlatte pou enstwi dosye asasina ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, pandan li di lap rete tann pou yo bay bon jan mwayen ak majistra enstriktè a pou l ka fè travay li.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …