AYITI/ ENSEKIRITE : GWOUP PETWO CHALENJÈ MANDE SIPÒ ENTÈNASYONAL LA POU REZOUD PWOBLÈM ENSEKIRITE A.

Gwoup petwo chalenjè « NOU PAP KONPLIS », mande sipò kominote entènasyonal la pou ede rezoud pwoblèm ensekirite a kap taye banda depi byen lontan nan peyi Ayiti patikilyèman nan rantre Sid kapital la zòn Matisan.

Pòt pawòl estrikti « NOU PAP KONPLIS » la, Ricardo Fleuridor, fè kwè nan nivo ensekirite a twouve li moman sa yo polis nasyonal la pa kapab rezoud akoz tout gang yo fin pran pye nan repiblik la.

Petwo chalenjè a ki raple, nan tout peyi nan mond lan lapolis pa janm yon fòs ki la pou mennen operasyon men pito yon fòs ki la pou fè prevansyon.

Nap fè remake, fas ak remonte ensekirite a nan rantre Sid kapital la Matisan, yon gwoup sitwayen nan sosyete sivil la nan Fontamara, Kafou ak Matisan deja òganize plizyè rankont ak chèf gang tankou Izo, Ti lapli ak lòt yo nan lide pou kapab mande pou yon kiyè lapè retounen nan zòn Matisan ak sa ki nan anviwonman li yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …