AYITI/ELEKSYON: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK LA PA PRAN OSERYE NOUVO KALANDRIYE ELEKTORAL LA.

Sektè ki rele demokratik ak popilè (SDP)  a, pa twò byen wè nouvo kalandriye konsèy elektoral pwovizwa mete deyò ki fikse premye tou eleksyon yo pou 7 Novanm 2021 an, yon dat ki pa klè pou sektè demokratik la.

Pòt pawòl sektè demokratik la, mèt Andre Michel, fè konnen konsèy elektoral pwovizwa ak tout manm gouvènman doktè Ariel Henry a, ilegal e ilejitim. Òm la lwa, plede anfavè yon akò politik pou retire peyi a nan sa li ye jounen jodi a.

Pou fini, mèt Andre Michel, fè remak divèjans ki gen sou chwa yon prezidan se paske aktè yo poko kapab rive atann yo sou chwa yon moun pou dirije tranzisyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …