AYITI/ POLITIK : MOUVMAN MILITAN POU CHANJE AYITI DI YO PA NAN DANSE KOLE AK PREMYE MINIS ILEGAL ARIEL HENRY.

Mouvman militan pou chanje Ayiti (MMCDHA), di yo pa nan danse kole ak premye minis Ariel Henry daprè estrikti sa se ilegal doktè Ariel Henry pran tèt primati a. Pou yo sèlman 21 moun ki legal nan peyi a se 10 senatè yo, 10 delege depatmantal yo ak direktè polis la.

(MMCDHA), raple ak premye minis Ariel Henry okenn antant nasyonal, konbit nasyonal ak akò nasyonal san prezans 21 moun sa yo pap ka fèt paske se yo ki konn pwoblèm pèp la.

 » Si peyi a pa eksploze deja se gras ak prezans delege, vis delege yo ak lapolis ki fè anpil jefò malgre kondisyon travay yo pa bon », daprè sa yo esplike nan nòt yo a. Pilwen, mouvman militan pou chanje Ayiti (MMCDHA), denonse remonte zak ensekirite a depi plizyè mwa sitou nan rantre Sid kapital la ki bloke plizyè depatman.

Pou fini, mouvman militan pou chanje Ayiti (MMCDHA) ki kontinye ap reklame jistis pou ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki mouri asasinen lakay li nan Pèleren 5 nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …