NOU MANDE MESYE KI KENBE ZAM NAN TWAZYÈM SIKONSKRIPSYON PÒTOPENS YO BAY YON CHANS », DEKLARE JEAN REBEL DORCENAT

Kòdonatè kominisyon nasyonal dezameman, demantèlman ak reyensèsyon an (CNDDR), Jean Rebel Dorcenat nan kad yon entèvansyon li t ap fè nan radyo Mega samdi 14 dawout 2021 an, mande pou mesye ki kenbe zam nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan bay yon chans.

Yon tranbleman tè frape Ayiti, patikilyèman gran sid peyi a. Sepandan, pou pote sekou bay moun sa yo, se Matisan ki pasaj la e poutan, depi anviwon 3 mwa se kout zam k ap chante nan rantre sid kapital la, nan nivo Matisan ak fontamara.

Jean Rebel Dorcenat, nan sousi pou moun kapab pote sekou bay moun ki an difikilte nan gran Sid la, mande nèg ki kenbe zam nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan yon chans. » Nou nan sityasyon imanitè », deklare kòdonatè CNDDR la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …