AYITI TRANBLEMAN TÈ : PATI POLITIK INI AYITI DI LI POTE SOLIDARITE LI BAY MOUN KI VIKTIM NAN KATASTWÒF NATIRÈL SA A

Nan yon nòt pati politik INI AYITI ki pote siyati nimewo 1 pati a Clarens Renois jodi samdi 14 dawout 2021 an nan lide pou li pote solidarite yo bay moun gran sid ki viktim nan tranbleman tè ki pase jodi samdi 14 dawout 2021 an akote de 8h 30 nan maten.

Pilwen kwòdinasyon nasyonal pati a di yo ap travay ansanm ak tout militan nan sid, nip, Grandans ak lòt komin ki frape pou yo pote asistans yo bay tout moun ki viktim yo.

Yon lòt kote, INI tou pwofite mande ak leta pou pran tout mezi de sekirite pou moun ak enstans ki vle pote asistans yo bay moun ki touche anba katastwòf la ka pase nan zòn matisan paske nèg ak zam achte zòn sa pou lajan kontan.

Ronald Exavier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …