Nan kad yon bilan pwovizwa otorite depatman Nip yo, sou pasaj tranblanntè manitid 7,2 nan gran Sid maten samdi 14 dawout 2021 an pou pi piti 30 moun pèdi lavi yo
Nan komin Lazil, pou pi piti 25 moun mouri anba dekonb ak pou pi piti 200 lòt blese anba dekonb tranblanntè a, nan komin Ansavo pou pi piti 3 moun mouri, 2 moun mouri nan komin Tirivyè Nip, 2 moun mouri nan komin titwou Nip, yon moun nan komin Plezans, yon moun mouri nan komin Fondenèg, yon moun nan komin Baradè ak yon moun mouri nan komin Ano.
Toujou daprè bilan Tranblanntè a, ki fè anpil dega materyèl ki kraze plizyè santèn ak adomaje plizyè santèn lòt nan komin Lazil, komin Baradè legliz katolik Senpyè kraze plat, nan komin Tirivyè Nip 2 otèl andomaje san konte kantite kay, nan komin Ansavo lokalite Bakonwa ak kawouk plizyè kay kraze, daprè sa otorite yo kominike.
Dieuva Occidor