Ansyen prezidan repiblik la, Michel Joseph Martelly, nan twit li fè samdi 14 dawout 2021 an nan apremidi, fè konnen nouvèl depa ansyen senatè depatman Sid la choke tout moun.
« Nouvèl depa w maten an choke tout moun, espesyalman sila ki te konn kolabore ak ou pou sèvi popilasyon an », ekri Michel Joseph Martelly.
« M swete nanm ou repoze nan lapè #jeangabrielfortune », konkli ansyen chèf Leta peyi a nan mesaj adye li ekri pou ansyen delege depatmantal sid sou administrasyon lan.
Jackson junior Rinvil