AYITI/ TRANBLANNTÈ: 1297 MOUN MOURI NAN DEPATMAN NIP, SID AK GRANDANS.

Nan kad yon konferans manm gouvènman bay aswè dimanch 15 dawout 2021 an, sou kantite viktim yo anrejistre aprè pasaj tranbleman tè samdi 14 dawout la ki pa sispann ogmante.

Daprè pwoteksyon sivil gen 1297 moun ki mouri anba dekonb tranbleman tè a, 5700 lòt sòti blese, 13 694 kay kraze ak 13585 lòt sibi gwo domaje, selon deklarasyon responsab yo nan pwoteksyon sivil.

Nou ap raple, selon espesyalis yo tranbleman tè ki souke peyi a jounen samdi 14 dawout la te pase nan nechèl Richter 7,2. Ki mete plizyè milye fanmi nan gran Sid la anba gwo lapèn.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …