Responsab yo nan inite idwometewolojik Ayiti (UHM), anonse alèt jòn sou peyi Ayiti pou pasaj sistèm siklonik » Grace » nan peyi a.
Nan kad bilten previzyonis Chrisnette Saint Georges, prezante maten lendi 16 dawout 2021 an, fè konnen » Grace » ki tounen yon depresyon twopikal ap vanse sou peyi Ayiti nan aprè midi lendi a ak demen madi a kote yo mete aksan sou zòn gran Nò a ki kapab plis touche pandan pasaj « Grace » sou peyi a.
madanm Chrisnette Saint Georges, ki mande ak popilasyon an pou rete vijilan fas ak menas alèt jòn ki plase sou peyi a ak pasaj sistèm siklonik « Grace ».