AYITI/TRANBLEMAN TÈ: « FOOT FOR THE POOR » ANONSE DIVÈS KAGEZON ÈD KI PRALE NAN GRAN SID LA.

Responsab yo nan « Foot For the poor », anonse gen plizyè kagezon èd ki deja nan wout pou ale nan depatman Sid ki frape anba tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an.

Selon responsab « Foot for the poor » la, pè Max Beauvoir, fè konnen gen pou pi piti 5 kontenè ki gen manje, medikaman ak lòt bagay ki deja nan wout pou rantre nan Sid peyi a.

Nou ap siyale, depi aprè pasaj tranbleman tè manitid nechèl Richter 7.2, ki frape gran Sid la Leta ayisyen poko pote sekou bay moun yo alòske anpil peyi deja koumanse ofri nou èd yo.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …