AYITI/TRANBLEMAN TÈ: JUDE CÉLESTIN PARE POU LI BAY BOURAD AK MOUN NAN SID SAN LI PA TOUCHE YON GOUD

Nan yon nòt Jude Célestin pibliye sou paj fesbouk li, li fè konnen li pare pou li pote kole ak moun ki nan difikilte nan Gran Sid peyi a san li pa touche yon goud pou sa.

« Mwen pare pou mwen pote kole ak moun nan Sid, Nip ak Grandans san m pa bezwen touche yon goud pou sa. Mwen ap tann dizon otorite yo pou itilizasyon materyèl ki disponib yo pou pote frè ak sè nou yo sekou nan Gran Sid la », ekri sou paj fesbouk Jude Célestin.

« Nan moman difisil sa a, popilasyon Sid, Nip ak Grandans bezwen solidarite frè ak sè yo nan lòt depatman yo, san okenn enterè politik », kontinye ansyen kandida pou pòs prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo.

Jude Célestin fè konnen, nan sans sa, li deside ofri ekspètiz li ak tout eksperyans li te trape nan jesyon katastwòf natirèl ki te frape Gonaviv nan lane 2008 la ak nan kòdinasyon travay teknisyen ak anplwaye CNE yo, yon ekip jenn fanm ak jenn gason ki te rive retire plis pase 300 mil moun anba dekonb, epi ranmase plizyè milye tòn debri aprè Goudougoudou 12 janvye 2010 la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …