AYITI/ TRANBLANNTÈ: ÒGANIZASYON RECERE-N RELE ANMWE SEKOU POU 8 KOMIN KI TOUCHE NAN DEPATMAN NIP YO.

Òganizasyon regwoupman sitwayen pou renouvo Nip ki gen sig nan lang fransè (RECERE-N), rele anmwe sekou bò kote Leta santral ak òganizasyon imanitè yo pou pote èd bay popilasyon nan 8 komin depatman Nip yo ki viktim nan goudou goudou 14 dawout 2021 an.

Kòdonatè (RECERE-N) lan, Frantz Delia, ki fè konnen popilasyon nan 8 komin nan depatman an viktim anba tranblanntè a men, komin Lazil, Titwou Nip ak Baradè se rèl ki mare akoz move sitiyasyon moun yo ki pa gen dlo pou bwè, manje ak kay nan moman yo anonse siklòn kite deja bay anpil lapli nan lannwit 15 pou louvri jounen 16 dawout 2021 an. Pilwen, Pwofesè inivèsite a ki mande ak òganizasyon imanitè yo k ap bay pou panche sou sò moun nan Lazil, Titwou Nip ak Baradè yo sanble bliye 2 jou aprè katastwòf la.

N ap siyale, nan kad yon bilan pwovizwa komite depatmantal pwoteksyon sivil bay gen pou pi piti 124 moun ki mouri, 52 moun nan komin Lazil, 18 nan Titwou Nip ak 29 nan komin Baradè.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …