AYITI /TRANBLEMAN TÈ : 1300 MOUN MOURI AK 5700 BLESE, SELON DÈNYE BILAN PASAJ TRANBLEMAN TÈ A

Yon tranbleman tè ak yon manyitid 7.2 frape Ayiti, patiklyèman Grand Sid la samdi 14 dawout 2021 an. Pasaj tranbleman tè sa a gen plizyè  moun ki mouri ak dega materyèl ki anrejistre, kite yon pakèt milye moun sanzabri.

Ayiti reviv yon lòt tranbleman tè devastatè  aprè 11 lane . E fwa sa, se sidwès peyi a ki plis touche. Dènye bilan pasaj Goudougoudou 14 dawout la se 1300 ka lanmò ak 5700 blese e plizyè milye moun ki nan lari akoz kay yo kraze.

Malgre  manke materyèl adekwa pou sa, dimanch 15 dawout 2021 nan vil Okay, anpil sitwayen te bay kout men nan ede retire moun ki anba dekonm. Se te yon bèl jès solidarite.

Leta santral dwe pote èd bay moun tranbleman tè a frape nan Gran Sid. Yo anpil sila yo kap dòmi nan lari epi ki pa ka jwenn moso lamanjay.

Fòk otorite yo kanalize tout èd yo pou yo kapab al jwenn moun nan depatman Sid, Nip ak Grandans.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …