AYITI/JISTIS:MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA INOGIRE YON KONPLÈKS ADMINISTRATIF KI LADANN TWA BIWO

Minis jistis ak sekirite piblik la inogire Vandredi 13 dawout 2021, yon konplèks administratif ki gen ladann yon biwo tribinal de pè seksyon sid Pòtoprens, yon biwo ofis eta sivil Pòtoprens ak yon biwo ofis nasyonal idantifikasyon.

« Aprè plizyè tan travay, nou reyini pou inogire konplèks administratif la ki loje alafwa tribinal de pè seksyon sid, ofis eta sivil seksyon sid epi yon biwo ofis nasyonal idantifikasyon », pawòl minis jistis ak sekirite piblik, mèt Rockfeller Vincent.

Mèt Rockfeller Vincent fè konnen inogirasyon konplèks la se yon faz sinifikatif nan pwogram mizannèv ranfòsman enfrastrikti jidisyè nan peyi a.  » Sa ap pemèt nou reponn ak obligasyon konvansyonèl e ak angajman entènasyonal Leta a genyen ki gen responsabilite pou bay sitwayen yo aksè ak dwa, lajistis, idantite ak sitwayènnte », daprè mesye Rockfeller Vincent.

« Se yon onè pou mwen pou m reprezante PNUD e pou m asosye m jounen jodi a ak ministè lajistis e sekirite piblik nan inogirasyon batiman sa ki loje twa biwo », deklare reprezantan PNUD an Ayiti a.

Responsab PNUD la an Ayiti fè konnen seremoni inogirasyon nouvo batiman sa make yon efò sinifikatif nan efò kap fèt pou ranfòse enstitisyon eta de dwa yo an Ayiti.

Jij de pè sikonskripsyon an Phillipe Vincent  bò kote pa li deklare se yon bonè pou li pou li kapab inogire batiman administratif sa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …