AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: 1419 MOUN MOURI NAN DEPATMAN SID, NIP AK GRANDANS.

Bilan tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an, kontinye ap ogmante nan depatman Nip, Sid ak Grandans ki frape ak sekous la ki te pase ak manitid nechèl Richter 7,2.

Direktè jeneral pwoteksyon sivil la doktè Chery Chandeler fè konnen gen 1133 moun ki mouri nan depatman Sid, 162 nan Grandans , 122 nan Nip ak 2 nan Nòdwès. Pilwen, doktè Jerry Chandler, presize gen 6900 moun blese ak 37 312 kay kraze ak andomaje.

Nap siyale, malgre pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an, gran Sid peyi a pou kounye a ap fè fas tou ak pasaj tanpèt twopikal « Grace » ki ap pase sòti 16 pou louvri 18 dawout 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …