AYITI/IJAN: YON GWOUP MOUN ANBA DEKONM NAN VIL OKAY AP MANDE SEKOU.

Yon gwoup moun anba dekonm nan vil Okay, patikilyèman nan zòn Brefèt ki vivan e kap mande sekou otorite yo, daprè yon SOS jounalis fotograf Ralph Teddy Hérold lanse jounen madi 17 dawout 2021 an sou paj fesbouk li.

Gen moun ki anba dekonm apre pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an ki poko mouri. Nan vil Okay patikilyèman nan Brefèt zòn ansyen lokal minista ta sanble gen yon apatman ki te gen 48 chanm ki tonbe e ki te chaje moun ladann.

Daprè Jounalis fotograf la, gen nan moun sa yo jis madi maten 17 dawout la kap rele fè konnen yo vivan.

Yo bezwen sekou otorite yo pou sove lavi yo anba dekonm. Nou pa ka pèdi moun ankò. Peyi a pèdi twòp moun. Leta peyi Dayiti dwe fè tout sa li kapab pou li sove lavi moun ki vivan anba dekonm yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …