AYITI/ ELEKSYON : KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA REPÒTE TIRAJ OSÒ KI TAP FÈT POU ANREJISTRE KANDIDA AK KANDIDAT YO.

Nan yon nòt pou laprès ki date 16 dawout 2021 an, konsèy elektoral pwovizwa a fè tout moun ki te gen pwojè kandida nan eleksyon ki gen pou fèt nan mwa ki te gen pou vini yo, KEP a fè yo konnen dat tiraj osò pou anrejistreman an repòte pou yon lòt dat ki poko idantifye poutèt tranbleman tè ki pase nan peyi a sitou nan gran sid la.

Bò kote pa li, KEP a tou pwofite okazyon an pou li voye senpati bay moun ki viktim nan tranbleman tè ki touye plis pase yon milye moun espesyalman manm KEP nan rejyon sid peyi a ki gen fanmi yo ki viktim.

Pilwen estrikti leta ki jere zafè eleksyon nan peyi a fè konnen, yo voye yon delegasyon teknik nan rejyon sid la ak nan depatman nòdwès peyi a nan lide pou evalye enfrastikti elektoral la epi pran mezi ki dwe pran.

Yon lòt kote,konsèy elektoral pwovizwa di yo reyafime detèminasyon yo pou yo akonpli misyon yo nan tout endepandans, onètete, kredibilite ak transparans.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …