AYITI/TRANBLEMAN: PREMYE MINIS ARIEL HENRY DEKRETE TWA (3) JOUNEN DÈY NASYONAL NAN MEMWA VIKTIM YO

Chèf gouvènman an, Ariel Henry, nan yon pwen pou laprès li bay nan lokal pwoteksyon sivil la jounen 17 dawout 2021 an, li fè konnen li dekrete twa (3) jounen dèy nasyonal, k ap kòmanse apati jounen madi 17 dawout la, nan memwa viktim tranbleman tè ki ravaje Grand Sid peyi a.

Yon tranbleman tè manyitid 7.2 frape Ayiti samdi 14 dawout 2021 an. Dega materyèl ak ka lanmò plis anrejistre nan Grand Sid peyi a. Daprè dènye bilan pwovizwa pwoteksyon sivil, se 1419 moun ki mouri nan tranbleman tè a.

Nan mewa viktim yo, chèf primati, Ariel Henry, dekrete twa (3) jounen dèy nasyonal k ap kòmanse apati jounen madi 17 dawout 2021 an.

Yon lòt kote, nan sousi pou asire operasyon sekou yo ap dewoule korekteman nan zòn ki afekte yo, premye minis Ariel Henry bay twa minis k ap gen pou ale nan Grand Sid la menm misyon. » Minis kondisyon fanm ak dwa fanm, Sofia Laureus, ap nan Sid ; minis touris la, Luz Kuria Cassandra, ap nan Nip e minis anviwonman an, James Cadet, ap nan Grandans », ekri nan yon twit ki fèt sou kont twitè chèf gouvènman an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …