AYITI/TRANBLEMAN TÈ : CHIF MOUN KI MOURI ANBA DEKONB YO PA SISPANN OGMANTE

Responsab yo nan pwoteksyon sivil prezante aprè midi 17 dawout 2021 an, yon lòt bilan pwovizwa sou kantite moun ki mouri nan tranbleman tè « goudou goudou » ki ravaje depatman Nip, Sid ak Grandans samdi 14 dawout 2021 an.

Selon pwoteksyon sivil ki fè konnen gen 1941 moun ki mouri aprè pasaj tranbleman tè a, 1597 nan depatman Sid, 205 nan depatman Grandans , 137 nan depatman Nip ak 2 nan depatman Nòdwès. Plis pase 9 900 moun blese 6800 moun blese nan depatman Sid, 1652 nan Grandans ai 1452 nan Nip, selon bilan pwovizwa pwoteksyon sivil.

Nan menm rapò a responsab pwoteksyon sivil yo fè konnen gen pou pi piti 100 mil kay ki kraze ak andomaje. Nou ap siyale, selon espesyalis yo tranbleman tè ki frape GranSid peyi a te pase nan nechèl Richter 7.2.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …