AYITI/IMANITÈ : KONPAYI « DIGICEL » ANONSE YO SIPÒTE LOPITAL NAN GRANDANS APRÈ PASAJ TRANBLEMAN TÈ A.

Konpayi « Digicel » anonse yo sipòte lopital ki viktim nan depatman Grandans aprè pasaj tranbleman tè ki pase nan granSid peyi samdi 14 dawout 2021 an.

Nan yon kominike pou laprès responsab konpayi « Digicel » yo mete deyò fè konnen, yo deja pote solidarite lopital « Saint Boniface » ki resevwa 5 mil galon gaz « Diesel » ak 1500 galon gaz pou pèmèt direksyon depatmantal travo piblik epi yo deja kòmanse bay sipò yo ak sant operasyon ijans depatmantal (COUD).

Konpayi « Digicel » ki raple, malgre move kondisyon ki gen nan peyi a konpayi a deja mete plizyè plan espesyal disponib pou ede moun yo kapab kominike nan moman difisil moun nan gran Sid ap fè fas depi aprè goudou goudou samdi 14 dawout 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …