FEDERASYON AYISYEN PITI AK MWAYEN ANTREPRIZ (FHAPME) AP POTE SOLIDARITE LI BAY VIKTIM TRANBLEMAN TÈ 14 DAWOUT 2021 AN

Nan yon konferans pou laprès ki bay jounen madi 17 dawout 2021, madam Marie Yanick Lherisson, prezidan FHAPME, fè konnen se òganizasyon imanitè yo, asosyasyon yo ak sektè òganize yo ki dwe pote kole nan sousi pou al fè solidarite ak moun ki viktim nan Gran Sid peyi a ki an detrès.

« Nou menm nan FHAPME, nou mobilize tout resous ki nesesè tankou medikamen, manje, vètman, prela, dlo, tòl, bwa, klou pou nou al fè solidarite ak frè ak sè nou yo ki viktim aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an », deklare madam Marie Yanick Lherisson.

Responsab FHAPME a lanse yon apèl bay tout ayisyen ki an Ayiti kou lòt bò dlo pou yo pote kole nan objektif pou ede popilasyon Grand Sid la pase gwo eprèv sa. » N ap pwofite di tout donatè nou yo, tout moun ki vle fè don pote bay FHAPME pou FHAPME al jwenn viktim yo, yo mèt fèl ak kè poze », daprè madam Lherisson ki tap rasire donatè yo.

« Nou pa pral separe tankou bay moun yon ti sak diri, yon ti sak pwa. Nou pap fè li konsa, men nap fè li pa sektè òganize tankou legliz pwotestan, legliz katolik, vodouyizan, asosyasyon fanm ak tout lòt òganizasyon ki nan sosyete sivil la ki òganize », pawòl madam Marie Yanick Lherisson.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …