AYITI/ÈD: ANTHONY BENETT FÈ KONNEN TI TONY KI NAN SANTO 17 LA AP POTE SIPÒ LI BAY MOUN NAN GRAN SID YO.

Nan yon twit Anthony Bennett fè jounen 17 dawout 2021 an, li fè konnen mache Titony ki chita kò li nan santo 17 la ap pote solidarite li bay moun ki frape nan tranbleman tè 14 dawout 2021.

11 lane apre, yon tranbleman tè manyitid 7.2 devaste Ayiti a, patiklyèman Grand Sid peyi a. Anpil elan solidarite manifeste lakay anpil konpatriyòt ayisyen nan lide pou pote sipò yo bay moun ki viktim pandan pasaj tranbleman tè sa.

« Mache Titony ka pa la, men Titony ki nan Santo 17 la ap fè sa li kapab pou bay èd ak moun nan Sid yo », ekri antreprenè a, Anthony Bennett.

Daprè dènye bilan pwovizwa pwoteksyon sivil mete deyò a, katastwòf natirèl sa lakoz 1941 moun pèdi lavi yo ak 9000 lòt ki blese.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …