JO TOKYO : YON LANSEZ POLONÈZ METE MEDAY AJAN LI OZANCHÈ POU SOVE LAVI YON TIMOUN KI MALAD

Medaye meday ajan nan lanse javlo pandan dènye JO Tokyo, Maria Andrejczyk mete rekonpans li a ozanchè pou peye yon operasyon ki koute chè pou yon timoun ki gen sèlman ui (8) mwa. Men istwa a pa kanpe la, yon antrepriz chwazi achte meday la apre sa yo rebay polonèz la li, senbolikman.

Yon moso lanmou ak byen veyans ka fè yon pakèt mèvèy nan lavi yon moun. Medaye ajan nan javlo a Tokyo, polonèz Maria Andrejczyk poze yon bèl aksyon dènye jou sa yo ki lakoz anpil moun ap pale de li. Atlèt 25 lane a mete meday ajan li te resevwa kòm distenksyon an ozanchè pou kapab finanse yon operasyon pou yon timoun ui (8) mwa ki enkoni pou li. E erezman se sa ki bay lavi sans pou anpil moun, yon antrepriz polonèz retounen achte meday la epi rebay moun ki te premye genyen l lan, Maria Andrejczyk.

Yon » jès manyifik ki chaje ak noblès « .

« M pase yon pakèt tan ap reflechi. Se te premye kolèk de fon m te asiste e m te konnen se te bon an. Miloszek te gen yon malfòmasyon kadyak ki te grav anpil, li te bezwen opere. Yon meday se yon objè, men li ka gen yon pakèt valè pou lòt moun. Lajan sa a ka sove lavi yon pakèt moun olye meday la rete ap pran pousyè nan plaka », daprè Maria Andrejczyk.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …