AYITI/TRANBLEMAN TÈ : 2189 MOUN MOURI AK 12 268 LÒT BLESE NAN DEPATMAN NIP, SID, GRANDANS AK NÒDWÈS.

Responsab yo nan pwoteksyon prezante jounen mèkredi 18 dawout 2021, bilan pwovizwa sou pasaj tranbleman tè manitid 7,2 nechèl Richter, ki frape depatman Nip, Sid, Grandans ak Nòdwès samdi 14 dawout 2021 an.

Nan kad bilan pwovizwa sa, pwoteksyon sivil fè konnen gen 2189 ki mouri nan tranblanntè a, 1832 nan depatman Sid, 137 nan depatman Nip, 218 nan depatman Grandans epi 2 nan depatman Nòdwès.

Nap raple, akoz pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an, chèf gouvènman doktè Ariel Henry, dekrete 3 jounen dèy nasyonal pou moun ki mouri anba dekonb yo ki te koumanse madi 17 dawout 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …